11 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt, menm dezi a kè mwen yo.
11 Mwen fin viv! Tout plan m te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen okenn espwa ankò.
“Lespri m fin kase. Jou m yo etenn; tonbo a pare pou mwen.
Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen. Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa.
Plan kè a sòti nan lòm; men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.
Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
Mwen te di: “Nan mitan lavi m, mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo. Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”
Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”
Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?
Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.