5 Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen, e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
5 M ta remoute kouray nou ak konsèy, m ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou. Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou e souke tèt mwen sou ou.
Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m; si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?
Mwen te chwazi yon chemen pou yo, te chita tankou chèf, e te demere tankou wa pami sòlda yo, tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”
“Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a, li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li; menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?
Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.
Se fè ki file fè; se konsa yon nonm file zanmi l.
Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.