11 Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo, e te jete mwen nan men a mechan yo.
11 Bondye lage m nan men mechan yo. Li jete m anba grif san manman yo.
Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
Yo te gade m, bouch yo louvri. Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz; yo te oganize yo menm kont mwen.
Mwen te alèz, men Li te brize mwen, Li te sezi mwen nan kou e te souke mwen jiskaske m fè mòso; anplis li te fè m objè tiraj.
Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondye e pa satisfè ak chè mwen.
alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò, e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.
Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li.
Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m, Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.
Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
Gade byen, l ap lite nan mechanste. Wi, li plante jèm mechanste a, epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.
Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.
Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.
Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen.