Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 15:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Y'ap kouri adwat agòch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.

参见章节 复制




Jòb 15:23
21 交叉引用  

Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”


Li pa gen espwa sòti nan tenèb la. Desten li se nepe.


Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz. Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.


Li p ap chape nan tenèb la. Flanm nan va seche tout boujon li yo. Kon souf bouch li, lap wale nèt.


Fòs li vin epwize e gwo dega parèt akote li.


Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.


Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari. Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.


Yo gaye toupatou. Yap tan tout lanwit si yo pa satisfè.


Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou. Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten. Paske Ou te toujou sitadèl mwen, yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.


SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.


SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li; menm mechan yo pou jou jijman an.


Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane, kite li rejwi li nan yo tout; men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil. Tout sa ki gen pou vini se vanite.


Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie pou nou jwenn ase pen.


Nou riske lavi nou pou jwenn pen akoz nepe nan dezè a.


Yon jou fènwa ak pèdi espwa, yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; konsa gen yon gwo pèp pwisan. Pa t janm gen yon bagay konsa, ni p ap janm gen anyen ankò, jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.


Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?


Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a.


men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.


跟着我们:

广告


广告