10 Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou, ki pi gran pase papa ou.
10 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
Sajès rete ak granmoun; yon lavi ki long gen bon konprann.
Li fè moun konfyans pa kab pale, e retire bon jijman a ansyen yo.
Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa; li jwenn nan chemen ladwati a.
Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.
Sonje jou tan pase yo, konsidere lane a tout jenerasyon yo. Mande papa nou e li va fè nou konnen, ansyen nou yo e yo va di nou.