2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.
2 Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nyaj k'ap pase.
Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.
Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a, e va jete flè li kon pye oliv la.
Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, e nou pa konnen anyen, paske jou pa nou yo sou latè se sèl yon lonbraj ki pase.
Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.
Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
Akoz gwo bri kri mwen yo, zo m yo kole sou chè m.
Lòm se tankou yon sèl souf. Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
Paske yo va fennen vit tankou zèb chan, e disparèt tankou zèb ki vèt.
Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole tankou lajè a men m ki louvri. Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? Espwa m se nan Ou.
Moun dwat la va fleri tankou palmis. Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.
Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.
Paske: “Tout chè tankou zèb, e tout laglwa li tankou flè zèb la. Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,