Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 14:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè koteyo fè.

参见章节 复制




Jòb 14:10
20 交叉引用  

Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.


Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.


“Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m? Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!


Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”


Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen? Oswa èske ou va twonpe Li kon yon moun konn twonpe yon moun?


konsa lòm kouche, e li pa leve ankò. Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò.


fè rive yon gout dlo, e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.


Menm lè po m fin detwi, malgre chè m fin sòti, mwen va wè Bondye nan chè a;


l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’


“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? Sòti nan vant li e mouri la menm?


Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,


Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a.


Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?


Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.


Konsa li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.


跟着我们:

广告


广告