Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo.
“Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.
Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.