26 Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
26 W'ap akize m yon bann bagay k'ap fè m mal. W'ap fè m peye tou sa m te fè lè m te jenn gason.
Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”
Zo li yo plen ak fòs jenès li, men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
“Poukisa limyè bay a sila ki soufri a, e lavi a nanm anmè a,
Li pa lèse m pran souf, men fè m debòde ak sa ki anmè.
Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Paske lè m te retounen, mwen te repanti. Epi apre mwen te enstwi. Mwen te frape pwòp kwis mwen. Mwen te vin wont e twouble menm; paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’
Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske Toupwisan an te aji byen anmè avè m.