Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”
Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; se kilès ki kondane Mwen? Gade byen, yo tout va vin vye; epwize tankou yon vètman. Mit papiyon twal yo va manje yo.
Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.