Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”
Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?”
Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”
Fanm nan te rive bò kote Saül. Li te wè ke li te tèlman gen krent jiskaske li te sezi, e li te di li: “Gade byen, sèvant ou te obeyi a ou menm e mwen te pran lavi mwen nan men m pou te koute pawòl ke ou te pale mwen yo.