13 “Rete an silans devan m pou m kab pale; epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
13 Kounyeya, pe bouch nou! Ban m yon chans pou m pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!
“Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann; defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt; ke sa ta sèvi kon sajès ou!
Pran pasyans pou m kab pale, epi tann lè m fini pou ou kab giyonnen m.
“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.