Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 12:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.

参见章节 复制




Jòb 12:6
17 交叉引用  

Sila ki alèz la ri sou malè a; men l ap tan pye l chape.


“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou; ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.


Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?


Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay; men konsèy a mechan yo lwen m.


Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l. Zye Li veye tout sa yo fè.


Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?


Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.


Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.


Mwen konn wè yon nonm mechan e vyolan Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.


Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.


Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.


Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?


Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen.


Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.


Tankou van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”


跟着我们:

广告


广告