Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 12:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo. Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l disparèt.

参见章节 复制




Jòb 12:23
13 交叉引用  

Anplis, Li beni yo! Yo miltipliye anpil, e li pa kite bèt chan pa yo bese.


Lè yo vin febli, koube nèt, akoz opresyon avèk mizè ak tristès,


Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò.


Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.


Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, Ou te agrandi nasyon an! Ou leve wo! Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.


Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak fwi.


Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”


Pi piti a va devni yon gran pèp e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan. Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”


Ou te fè pèp la grandi anpil; Ou ogmante kè kontan yo. Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.


Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;


Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”


Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an.


“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;


跟着我们:

广告


广告