Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 12:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans. A Li menm se konsèy avèk bon konprann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.

参见章节 复制




Jòb 12:13
23 交叉引用  

pou montre ou sekrè a sajès! Paske sajès ki bon gen de bò. Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije tout sa inikite ou merite.


Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo, tou de se pou Li.


Ak pwisans Li, li kalme lanmè a, e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.


Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn; Li pwisan nan fòs konprann pa Li.


Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm, oswa te bay bon konprann nan panse a?


Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?


Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.


Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.


Men anplis, Li saj; Li va mennen dezas; Li p ap retire pawòl Li menm; men Li va leve kont kay malfektè yo, ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.


ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”


Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.


Daniel te di: “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan, paske sajès ak pouvwa se pou Li.


Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.


Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?” Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”


Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye.


nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,


ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans,


Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


跟着我们:

广告


广告