11 Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a?
11 Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.
Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo, jan bouch la goute manje a.
Èske gen enjistis sou lang mwen? Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”
Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.
Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;
Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.