4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot, e mwen inosan nan zye Ou.’
4 Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!
Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!
“Èske ou sipoze ke ou ge dwa sa a? Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen; wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen, pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
Paske mwen bay ou bon konsèy; pa abandone enstriksyon mwen.
Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.