18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa. Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
18 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.
Lavi ou va pi klè ke midi; malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
Ou va kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou. Wi, anpil moun va mande favè ou.
Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa.
Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta, pou manje pen a travay di yo, paske se domi Li bay a moun li renmen.
Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.
Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a.