Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil. Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Chonje se ou menm ki fè m ak labou tè wouj. Kounyeya, ou pral kraze m fè m tounen pousyè?

参见章节 复制




Jòb 10:9
25 交叉引用  

Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.


Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”


Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen e fè m kaye tankou fwomaj?


Si mwen kriye a fòs tonbo a: ‘Se ou ki papa m’; epi a vè a: “Ou se manman m ak sè m’;


Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou. Mwen menm tou te fèt ak ajil la.


Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.


Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, ki gen pousyè kon fondasyon, ki vin kraze devan papiyon!


Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”


Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò.


Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt. Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.


Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.


Sonje mwen, O SENYÈ, nan favè Ou anvè pèp Ou a. Vizite mwen avèk sali Ou,


Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.


Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, e padone tout peche mwen yo.


Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye, yon van pase ki pa retounen ankò.


Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!


Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di: “Retounen, O pitit a lòm yo.”


Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.


Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?


Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.


Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.


Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël.


Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen?


Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.


跟着我们:

广告


广告