8 “Se men Ou ki te fòme mwen nèt. Konsa, èske Ou ta detwi mwen?
8 Se ak men ou ou te fè m. Se avè l ou te ban m fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m ankò?
Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
Se kilès ki va diskite kont mwen? Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò, jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt, e ogmante blese mwen yo san koz.
“Tout se menm bagay. Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.
Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a, e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
Zye Ou te wè matyè san fòm mwen. Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
Li menm ki fòme kè a yo tout, Li menm ki konprann tout zèv yo.
tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”