Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 10:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Eske ou gen rezon pou ou fè m tou sa w'ap fè m lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?

参见章节 复制




Jòb 10:3
27 交叉引用  

“Se men Ou ki te fòme mwen nèt. Konsa, èske Ou ta detwi mwen?


Ou ta rele e mwen ta reponn Ou; Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.


Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?


Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo, e te jete mwen nan men a mechan yo.


alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò, e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.


Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo; konsèy a mechan yo lwen mwen.


Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay; men konsèy a mechan yo lwen m.


Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m, Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,


Ou vin okipe m ak mechanste. Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.


Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?


Se Lespri Bondye ki te fè m, e souf Toupwisan an ki ban m lavi.


“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”


Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?


“Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.


“Tout se menm bagay. Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’


Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?


Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.


SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.


Paske SENYÈ a tande malere yo, e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.


Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.


Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòn yon Kreyatè Fidèl.


跟着我们:

广告


广告