19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste, kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
19 Sòti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m pat janm fèt.
“Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m? Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
Èske jou m yo pa kout? Rete! Ralanti sou mwen pou m kab jwenn yon ti kras kè kontan,
Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fenwà a, ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.
“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? Sòti nan vant li e mouri la menm?
Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
Kite yo tankou kalmason ki fonn, ki vin disparèt pandan l ap mache, tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.
akoz li pa t touye m avan mwen te fèt, pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a pou vant li rete ansent pou tout tan.