13 Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou. Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
13 Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Kounyeya, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.
si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen. Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.
Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li? Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an. Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li. Li vire adwat, mwen pa wè L.
Anverite, Ou se yon Dye ki kache tèt Li, O Bondye Israël la, Sovè a!
Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, ki fè bonè e ki kreye malè. Mwen se SENYÈ a, ki fè tout sila yo.
Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?
O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.
Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.