Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 M degoute ak lavi a. M pa ka kenbe ankò. Kite m plenn sò mwen! Kite m di tout lapenn ki nan kè mwen!

参见章节 复制




Jòb 10:1
21 交叉引用  

Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”


O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou retounen kote Ou! Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!


Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.


Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.


Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo, lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?


“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.


Mwen fin epwize nèt; mwen p ap viv tout tan. Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.


Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm; mwen rayi lavi m.


Kisa mwen kapab di? Non sèlman Li te pale ak mwen, Men Li, Li menm, te fè l. Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo akoz gou anmè kè m fin goute.


Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.


Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”


Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”


Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”


跟着我们:

广告


广告