Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Senyè a di Satan konsa: — Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.

参见章节 复制




Jòb 1:8
29 交叉引用  

Avan li, pa t gen wa tankou li ki te vire vè SENYÈ a avèk tout kè li, avèk tout nanm li e avèk tout fòs li, selon lalwa Moïse la. Ni pa t gen okenn moun tankou li ki te leve apre li.


Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.


Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.


Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a.


SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”


Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,


“Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.


Anplis, mwen te toujou san fot devan L, e mwen te rete lib de inikite m.


Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. Chache lapè e fè efò pou twouve li.


Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l.


Kite mal e fè sa ki bon, pou ou kab viv jis pou tout tan.


Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.


Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.


Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.


Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”


Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.


Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”


“Moïse, sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo.


“Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.


跟着我们:

广告


广告