Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive pou l te di: “Dife Bondye te tonbe soti nan syèl la, e te brile tout mouton avèk sèvitè yo. Li te manje yo nèt e se mwen sèl ki te chape pou di ou sa.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Mesye pat ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: — Loray tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa.

参见章节 复制




Jòb 1:16
13 交叉引用  

Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.


Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.


Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.


Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.


Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.”


Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an, nan bèlte Ou avèk majeste Ou!


Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”


Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.


Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.


Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan.


Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo.


Epi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil.


跟着我们:

广告


广告