Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 9:56 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

56 Konsa, Bondye te rekonpanse mechanste Abimélec te fè a papa l, nan touye swasann-dis frè li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

56 Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye krim li te fè kont fanmi papa li, lè li te touye swasanndis frè li yo.

参见章节 复制




Jij 9:56
15 交叉引用  

Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.


“Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.


Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?


Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.


Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.


Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.


Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”


Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.


jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo.


Lè mesye Israël yo te wè ke Abimélec te mouri, yo tout te pati rive lakay yo.


Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo.


跟着我们:

广告


广告