Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 9:54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

54 Byen vit li te rele gason an ki te pote zam li yo. Li te di li: “Rale nepe ou touye mwen pou yo pa kab pale de mwen, ke yon fanm te touye m.” Konsa, jennonm nan te frennen li nèt e li te mouri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

54 Abimelèk rele jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di li konsa: — Rale nepe ou touye m'. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m'. Se konsa, jenn gason an pèse li pakanpak touye li.

参见章节 复制




Jij 9:54
17 交叉引用  

Konsa, mwen te kanpe akote li pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”


Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’.


Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’


Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tsuerja a.


Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.” Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.


Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri.


Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a.


Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch.


Lè mesye Israël yo te wè ke Abimélec te mouri, yo tout te pati rive lakay yo.


Epi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.” Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paskeSENYÈ a fin mete yo nan men Israël.”


Alò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li.


Premye masak sa ke Jonathan avèk gason zam yo te fè te anviwon ven òm soti nan mwatye distans ke yon cha ta fè lè l ap raboure fè yon pase nan yon tyè kawo tè.


Saül te di a moun ki te avèk li yo: “Kontwole soti koulye a pou wè kilès ki kite nou.” Epi lè yo fin fè kontwòl, gade byen, Jonathan avèk gason potè zam li yo pa t la.


Sila ki pote zam li yo te di: “Fè tout sa ki nan kè ou; vire ou menm e mwen la avèk ou selon volonte ou.”


Epi David te vin kote Saül e li te okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li.


Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.


跟着我们:

广告


广告