Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 9:53 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

53 Men yon sèten fanm te jete yon wòch moulen (sila a ki sòti anwo nan moulen an) sou tèt Abimélec e te kraze zo tèt li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

53 Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li.

参见章节 复制




Jij 9:53
9 交叉引用  

Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”


Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.” Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.”


Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?


Pou sa, koute plan ke SENYÈ a fòme kont Édom ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo: Anverite, yo va trennen yo deyò, menm pi piti nan bann mouton an. Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.


Pou sa, tande konsèy SENYÈ a, ke li te fè kont Babylone; plan a ke Li deja fome kont peyi Kaldeyen yo: Anverite, yo va vin trennen deyò, menm piti nan bann mouton yo. Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.


Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch.


“Epi raje pikan yo te di a bwa yo: ‘Si anverite w ap onksyone mwen kòm wa sou nou, vin pwoteje nou menm anba lonbraj mwen. Men si se pa sa, kite dife a sòti nan raje pikan an pou brile nèt tout sèd Liban yo.’


Men si se pa sa, ke dife sòti nan Abimélec pou manje nèt tout mesye a Sichem avèk Beth-Millo yo; epi ke dife sòti nan mesye Sichem nan ak Beth-Millo yo pou manje Abimélec nèt.”


Pou sa, Abimélec te vini vè fò a, e te goumen kont li. Li te pwoche antre nan fò a pou brile li avèk dife.


跟着我们:

广告


广告