Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”
Tout pèp la te koupe branch yo menm jan an, yo te swiv Abimélec, yo te plase yo kont chanm enteryè a, e yo te limen chanm enteryè a avèk dife anwo sila ki te anndan yo. Konsa, tout mesye nan fò Sichem yo te mouri, anviwon mil gason ak fanm.
Men te gen yon fò ki te byen fòtifye nan mitan vil la. Tout gason, ni fanm, ni tout chèf lavil la te sove ale rive la e te fèmen kò yo anndan, pou monte sou twati fò a.