Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 9:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 Abimélec te goumen kont vil la pandan tout jounen an. Li te kaptire vil la e te touye pèp ki te ladann yo. Konsa, li te kraze vil la e te simen sèl ladann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

45 Abimelèk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l. Apre sa, li kraze lavil la ratè, epi li simen sèl sou tout anplasman lavil la.

参见章节 复制




Jij 9:45
8 交叉引用  

Epi, Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati Penuel.


Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li.


Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.


Men marekaj li yo ak fòs li yo p ap geri; yo va rete sale.


Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.”


Tout teritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


Abimélec avèk konpayi ki te avè l la te kouri devan e te kanpe antre nan pòtay vil la. Lòt de konpayi yo te kouri sou tout moun ki te nan chan an e te touye yo.


跟着我们:

广告


广告