Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 9:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Konsa, li te pran pèp li a e te divize yo an twa konpayi. Li te kouche tann nan chan an, e lè l te wè pèp ki t ap sòti nan vil la, li te leve kont yo e te touye yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

43 Li pran moun li yo, li separe yo fè twa gwoup epi l'al kache nan jaden yo. Lè li wè moun yo ap sòti nan lavil la, li vare sou yo, li pran goumen ak yo, li touye yo.

参见章节 复制




Jij 9:43
4 交叉引用  

David te voye moun yo deyò, yon tyè anba lòd Joab, yon tyè anba lòd Abischaï, fis a Tseruja a, frè Joab la ak yon tyè anba lòd Ittaï, Gatyen an. Epi wa a te di a moun yo: “Mwen menm va anverite, sòti avèk nou tou.”


Alò, li te vin rive nan jou ki vini an, ke pèp la te sòti rive nan chan an, e yo te pale Abimélec tout sa.


Abimélec avèk konpayi ki te avè l la te kouri devan e te kanpe antre nan pòtay vil la. Lòt de konpayi yo te kouri sou tout moun ki te nan chan an e te touye yo.


Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.


跟着我们:

广告


广告