Jij 9:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen28 Konsa, Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la? Se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm? 参见章节1998 Haïtienne28 Gaal, pitit gason Ebèd la, di yo: — Kisa Abimelèk ye menm pou n'ap sèvi l konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichèm la menm pou y'ap sèvi Abimelèk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l Zeboul ap resevwa lòd? Poukisa pou n sèvi l? Non! Se pou moun Sichèm yo respekte Amò, zansèt yo, se moun fanmi li pou yo sèvi. 参见章节 |