Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 8:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Li te di a mesye Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: — Tanpri, bay mesye m yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo.

参见章节 复制




Jij 8:5
11 交叉引用  

Konsa, Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pi Wo a.


Jacob te vwayaje a Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth.


Bondye te pale nan sentete Li: “Mwen va triyonfe! Mwen va divize Sichem e tire yon lin nan vale Succoth la.


akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou.


‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a! Modi pèp ki rete la a nèt, akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisant yo.’


Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe.


Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout.


Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’”


Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.


跟着我们:

广告


广告