Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 8:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye.

参见章节 复制




Jij 8:33
17 交叉引用  

Joas te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou li yo depi Jehojada, prèt la, te enstwi li.


Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal?


Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.


Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël.


Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li.


Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè.


Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo.


Men li te kòn rive ke nan lè jij la vin mouri, yo ta vire tounen pou aji pi konwonpi pase zansèt yo. Yo te swiv lòt dye yo pou sèvi yo, e bese ba devan yo. Yo pa t janm abandone zèv sila yo, ni chemen tèt mato yo.


Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.


Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.


Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.


Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.


Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li.


Lè tout chèf nan fò Sichem nan te tande sa, yo te antre kache nan chanm enteryè tanp El-Berith la.


跟着我们:

广告


广告