Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasant sis moun antou.
Alò, Achab te gen swasann-dis fis Samarie. Epi Jéhu te ekri lèt pou te voye Samarie, kote chèf Jizréel yo, ansyen yo e vè gadyen pitit Achab yo, e te di:
Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.
Men nou te leve kont lakay papa m jodi a e nou te touye fis li yo, swasann-dis moun sou yon sèl wòch pou te fè Abimélec, fis a bòn lakay li a, wa sou mesye Sichem yo, akoz li se moun fanmi nou;
“Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”
Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li.