Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 8:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Epi li di Jetè, premye pitit gason l lan: — Annavan! Touye yo! Men, jenn gason an pa wete nepe l nan djenn li. Li te pè paske li te timoun toujou.

参见章节 复制




Jij 8:20
5 交叉引用  

pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a. Sa se lonè de tout fidèl Li yo. Louwe SENYÈ a!


Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avèk l, “Vin mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo.


Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.”


Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.


Men Samuel te di: “Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.


跟着我们:

广告


广告