Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 6:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Senyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.

参见章节 复制




Jij 6:8
12 交叉引用  

Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.”


Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.


“Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.


Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.


Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian,


Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo.


Li te di a fis Israël yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’


跟着我们:

广告


广告