Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 6:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Senyè a, yo mande l sekou.

参见章节 复制




Jij 6:6
13 交叉引用  

Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”


Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li. Yo te retounen chache Li ak dilijans.


O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.


Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”


Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”


Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”


“Etranje ki pami nou an, va leve pi wo e pi wo ke nou, men nou va desann piba, e piba.


Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”


Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la.


Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian,


跟着我们:

广告


广告