Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 6:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l yo. Li di yo: — Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze!

参见章节 复制




Jij 6:31
18 交叉引用  

Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”


Lè midi te fin pase, yo te anraje jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.


Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!” Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.


Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.


Deklare bagay ki va vin rive apre yo, pou nou ka konnen ke se dye nou ye. Anverite, fè byen, oswa fè mal, pou nou ka gade toupatou ansanm ak kè twouble.


Bel vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo kon pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige.


Yo fè l monte sou zepòl pou pote l; yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la. Li p ap ka deplase nan plas li. Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn; li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.


Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”


Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”


Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.


Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.


Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo.


Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.”


Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”


Alò apre, SENYÈ a te voye Jerubbaal avèk Bedan, Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.


跟着我们:

广告


广告