Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 6:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Senyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li.

参见章节 复制




Jij 6:19
9 交叉引用  

Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an.


Konsa, mwen va pote yon moso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”


“‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil.


Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”


Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te tonbe atè sou figi yo.


Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.” Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”


Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.” Epi konsa li te fè.


跟着我们:

广告


广告