Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 6:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 SENYÈ a te gade li e te di: “Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, Senyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l: — Ale non. Avèk fòs kouray ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou!

参见章节 复制




Jij 6:14
10 交叉引用  

Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”


Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo,


Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.


Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis.


Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo.


Alò zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo.


Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a,


Alò apre, SENYÈ a te voye Jerubbaal avèk Bedan, Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.


跟着我们:

广告


广告