Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 6:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Mwen te di nou se mwen menm Senyè a ki Bondye nou an. Kounyeya nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n'al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pat koute m lè m te pale nou.

参见章节 复制




Jij 6:10
23 交叉引用  

Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.”


Yo te krent SENYÈ a e osi, yo te sèvi dye pa yo selon koutim a nasyon pami sila yo te pote ale an egzil yo.


Alò, sa te vin rive akoz fis Israël yo te peche kont SENYÈ pa yo a ki te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte la anba men Farawon, wa Égypte la. Yo te gen lakrent lòt dye yo,


epi te fè tèmwen kont yo pou fè yo retounen kote lalwa Ou. Sepandan, yo te aji avèk awogans e pa t Koute kòmandman Ou yo, men te peche kont òdonans Ou yo, selon sila yo, si yon nonm ta swiv yo, li ta viv. Men yo te vire yon do byen di, yo te fè tèt di, epi te refize koute.


Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.


Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.


Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo, ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.


Konsa pale SENYÈ a: “Pa aprann abitid a nasyon yo, ni pa vin krent sign nan syèl yo, malgre nasyon yo krent yo anpil.


Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije.


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.


Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo.


Pou sa, Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf lame yo, ak tout pèp la, pa t obeyi vwa SENYÈ a pou rete nan peyi Juda a.


Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ e yo te rive jis Tachpnaès.


SENYÈ a di: “Akoz yo te abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li,


Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.


Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?”


Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la,


Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”


Konsa, pou nou menm, nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a?


Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo.


跟着我们:

广告


广告