Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, retay a kot Caphtor a.
Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; paske yo te vini devore peyi a ak tout ki sa ki ladann, vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an! Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, e zago ou kon yon zago an bwonz. Ou va bat an mòso anpil pèp, pou ou kapab konsakre a SENYÈ a tout richès enjis pa yo, ke nou ranmase ak tout byen pa yo, bay SENYÈ tout latè a.