Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 5:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Akoz chèf yo te dirije Israël, akoz pèp la te pran desizyon, beni SENYÈ a!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Lwanj pou Senyè a, lè moun pèp Izrayèl yo sòti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè!

参见章节 复制




Jij 5:2
23 交叉引用  

epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj.


Pèp la te beni tout mesye ki te pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo.


Beni SENYÈ a, O nanm mwen, e pa janm bliye benefis Li yo,


Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.


men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.


Kite Mòn Sion fè kè kontan! Kite fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.


O SENYÈ, Bondye a vanjans lan, Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!


Sion te tande sa e te rejwi. Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.


Paske si mwen fè sa volontèman, mwen deja gen yon rekonpans. Men si se kont volonte m, mwen vin gen yon jerans ki plase sou mwen menm.


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.


Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”


Premye pati li fè pou kont li, paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève. Epi li te vini avèk chèf a pèp yo. Li te egzekite jistis a SENYÈ, òdonans Li yo avèk Israël.”


Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.


Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou.


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”


Kè m apiye vè chèf Israël yo, mesye ki parèt ak bon volonte pami pèp la. Beni SENYÈ a!


跟着我们:

广告


广告