Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Lwen bwi achè yo, nan kote y ap rale dlo, la yo va rakonte zèv ladwati a SENYÈ a, zèv ladwati pou moun li yo an Israël. “Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Senyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Senyè a te desann bò pòtay yo.

参见章节 复制




Jij 5:11
19 交叉引用  

Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo.


Lè li te gade, li te wè yon pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj.


Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.


Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la, pou m te gen chèz mwen sou plas la.


Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.


Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.


Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo.


Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.


“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”


Nou oblije achte dlo pou nou bwè. Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.


Nou riske lavi nou pou jwenn pen akoz nepe nan dezè a.


Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”


alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.


Premye pati li fè pou kont li, paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève. Epi li te vini avèk chèf a pèp yo. Li te egzekite jistis a SENYÈ, òdonans Li yo avèk Israël.”


pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.


Yo te pito dye nèf yo. Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. Èske gen lans, èske gen nepe, pami karant-mil lòm an Israël yo?


Alò koulye a, kanpe pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.


跟着我们:

广告


广告