Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 5:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:

参见章节 复制




Jij 5:1
20 交叉引用  

David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.


Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.”


Tout mesye Juda avèk Jérusalem yo te retounen avèk Josaphat sou tèt la. Yo te retounen Jérusalem avèk kè kontan, paske SENYÈ a te fè yo rejwi sou lènmi yo.


Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo, sa yo sou sila moun te konn chante yo.


lè zetwal maten yo te chante ansanm, e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?


Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.


Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.


Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè.


Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”


O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.


Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: “Nou gen yon vil ki fò; li monte miray ak ranfò pou sekirite.


Epi Israël te chante chan sila a: “Vin bwote o pwi! Chante a li!


Marie te di: “Nanm mwen egzalte Senyè a,


Men lan a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.


Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a.


Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.


跟着我们:

广告


广告