Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 4:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Li te konn chita anba pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te kon vin vè li pou l fè jijman.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l pou l te regle tout bagay pou yo.

参见章节 复制




Jij 4:5
18 交叉引用  

Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).


Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten a rive jis aswè.


Depi yo gen kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”


“Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye.


Yo te jije pèp la nan tout tan. Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.


Konsa pale SENYÈ a, “Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo. Rachel ap kriye pou pitit li yo. Li refize rekonfòte pou pitit li yo, akoz yo pa la ankò.”


Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth.


Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel,


Gabaon, Rama, Beéroth,


Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a.


Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an.


Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.


Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li.


Samuel te mouri. Konsa, tout Israël te rasanble ansanm pou te kriye pou li, e yo te antere li kote kay li nan Rama. Konsa, David te leve desann nan dezè Paran an.


Alò vwayaj retou li sete nan Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告