Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 3:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Apre li te vin Schamgar, fis a Anath la, ki te frape fè tonbe sis-san Filisten avèk yon baton ki pou pouse bèf kabwa. Li menm tou te libere Israël.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.

参见章节 复制




Jij 3:31
17 交叉引用  

Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.


SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo?


Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Mitspa.


Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo.


Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te touye mil lòm avèk li.


Alò, SENYÈ a te fè leve jij ki te livre yo soti nan men a sila ki t ap piyaje yo.


Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.


Alò, fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri.


“Nan jou a Schamgar a, fis a Anath la, nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone, e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.


Yo te pito dye nèf yo. Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. Èske gen lans, èske gen nepe, pami karant-mil lòm an Israël yo?


Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.


epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”


Konsa, David te genyen Filisten an avèk yon fistibal ak yon wòch. Li te frape Filisten an e te touye li, men pa t gen nepe nan men David.


Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël. Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek.


跟着我们:

广告


广告