Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 21:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Nan moun lavil Jabès nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan (400) jenn fi ki pat janm kò konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran.

参见章节 复制




Jij 21:12
8 交叉引用  

Jiskaske Li te abandone abitasyon Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,


“Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la.


Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.


Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”


Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?” Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.”


Men kisa ou va fè, ou va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.”


Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo.


Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a.


跟着我们:

广告


广告